An nou travay ansanm.

Tout ide nou se fè oumenm piblik la plezi e mete lajwa nan kè n. Pou n fè sa, fòk nou travay ansanm, e fòk nou toujou ap kominike, ap pale. Nou ta renmen pou tout sa nou fè satisfè ou. Si nou pa konnen sa ou renmen, nou pa p ka fè ou plezi. Rele nou , ekri nou, e vizite nou.

Nou genyen program ki pou mete lajwa ak kè kontan lakay ou. Tcheke ak nou nan tele a. Men program yo.

Gade komedi sa yo e fè nou konnen sa ou renmen ak sa ou pa renmen.

  • An nou reve li.

    Lè ou gen yon ide nan tèt, li p ap rete konsa li reyalize pou kont li. Se ou ki pou mete l an aksyon. Pou kòmanse, ou reve li anvan. Nan rèv ou, ou ka wè li enposib pou l fèt. Men tout tan w ap reve li, w ap wè li posib. Rèv nou nan tele fondman se pou lang kreyòl la vin yon lang tankou tout lòt lang. Vin ede n reyalize rèv sa.

  • An nou bati li.

    Pou nou fè rèv sa a vini yon reyalite, n ap bezwen kout men nan men ou. Anpil moun kouri dèyè nou, menm rale zòrèy nou, fè n konnen se tan nou n ap pèdi. An nou mete tèt nou pou nou bati yon demen miyò pou jenerasyon k ap vin dèyè nou an ka di men sa nou kite pou yo. An nou travay ansanm.

Jan istwa a rakonte fè anpil diferans. Se sa ki fè se nou ki pou rakonte istwa nou, pa yon lòt moun ou yon lòt nasyon. An nou pa chita rete tann lòt moun ki pou vin fè l pou nou. Nou konnen sa nou renmen e ki jan nou vle l.