Se jan ou rakonte istwa a ki fè li enteresan. Se jan ou di li ki atire moun enterese tande l, wè l, e aplodi l. E se sa ki fè tout diferans lan.
Nou pa konnen istwa nou. Se nan ide sa a, nou vini ak dokimantè pou nou aprann ki moun nou ye, ki kote nou soti ak ki kote nou vle ale. Biznis nou se, edike, enstri, e amize. Nou vle kreye yon atmosfè kote tout moun ka santi yo alèz pandan y ap amize yo. Vin divèti w ak nou.
Ayiti: Nan Tan, Nan Sezon, e An Koulè.
Nenpòt jan li ye a, se ou ki pou fè lòt nasyon gade ou diferan. Si w ap denigre tèt ou, se sa y ap vin fè pou ou. Yo p ap vin lwanje w. Y ap kache pa yo pou mete kina w la deyò.